Polynice's Agency

Multi-Services: Nap Travay Pou Fe Ke Ou Kontan
Home
Services
JACQUES' AGENCY
About Us
Contact Us
Site Map
Newsletter
Date of Birth
Poems/Acrotiches
Articles
FAQ
Event Videos/Pictures
Jukebox/Videos
St. Joseph's Camp
Vacation Houses
Forum
Proverbs
News and Events
Bay Bourad Foundation
Ki Saw Ka Fe
Donations
Sponsors
Polynice's A. Project
Real Estate
Le Prétoire Cabinet d'Avo
Links
              Fonds Parisien           Avek              Ganthier
               

 

Sen Jozef al kay sen Piè

 

Ala bel sa bel lè Sen Jozef al kay sen Piè

se al manje ponket nan mitan bouk,al ponmennen nan mon kalvè

se al chita devan komisaria,gade machin ki pral Fonparisien

Fok ou ta wè avek ki gran plezi y'ap retire doum bay machin yo pase

Apre yon bon bout tan yo tounen nan mitan bouk al mange pate

 

Sen Piè al kay sen Jozef

Ala bel sa bel lè sen Piè al kay sen Jozef

Se al benyen nan Letan,al manje bonbon siwo nan Bwademie

Se al chita nan teleko anba fige,gade machin kap pase pou al malpas

Fok ou ta wè ak ki gran plezi yap ede medam yo mete chay yo atè

Apre yon bon bout tan y'al achte pate nan men medam yo pou yo manje

 

Fonparisien al kay Grantie

Ala wont ki genyen lè Fonparisien al kay Grantie

Se al kraze brize,al voye woch,al kraze  kay,al di gwo mo

Se pa'm pi bon,rache pankad,touye kabrit............

 

Gantie al kay Fonparisien

Se krase kay.se boule kay, se bay kout za'm,se piye kay

Se fè moun kraze rak,se pran pye mon,se desann anba nabou

Se kout makak se kout baton,se di gwo mo,se wololoy

 

Sen piè jwenn ak sen Jozef

ala bel lè sen Piè aprann sen Jozef ke li genyen kle legliz la nan min'l

Ala bel sa bel lè Sen Piè konnin ke sen Jozef se  papa adoptif Jezu

Li di'l monchè se ouk pou fè'm jwenn Jezu

Konsa yo fè yon antant,pou sen Jozef batize ti moun yo la kay li,nan Fonparisie

Fonparisien tounin parwas

Bourik travay,chwal galonnin

Se voye woch sou bourik,kote chwal menm ap fè dans

Se bare rout , se kout baton,se kout makak

 

Gantie toujou komin

se bare rout,se kout baton,se kout makak

Se fè politik anba anba,fè lise,fè simitiè

Se bloke fontiè,plye ti machann,plye chofè.

 

fondparisienonline.com  al kay  ganthier.com

Se renmen,se linion,se kè kontan youn ak lot se sa nou beswen

Wi se sa nou vle,se sa nou beswen nan bel komin nou an

Gantie ak Fonparisien dwe tounen pwason kraze nan bouyon

konsa na pran jaret nou tout ansanm

Fok nou swiv deviz pey nou ki di:yon sel dwèt pa manje kalalou

an nou wè si nou ta renmen plis pou lide yo ka kole ansanm

Pou Opinion Clike la